IRS: Tout Mississippi kalifye kounyea pou alèjman pwolonje pou Siklòn Ida a; Dat limit 15 septanm ak 15 oktòb yo, ak lòt dat ki pwolonje pou 3 janvye

IR-2021-230, 17 Novanm 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodia, viktim Siklòn Ida yo nan Mississippi genyen kounyea tan adisyonèl – jiska 3 janvye 2022 – pou yo depoze plizyè deklarasyon taks pou biznis ak patikilye epi pou yo fè peman taks yo.

Apre desizyon Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) (an anglè) te pran dènyeman pou ajoute 63 konte nan deklarasyon katastwòf 22 oktòb li a, IRS la ap ofri alèjman pwolonje sa a bay lokalite li fenk deziyen yo, ansanm avèk 19 konte ki nan premye lis deklarasyon FEMA a.

Anvan, peryòd alèjman IRS la pou 63 lokalite ki fenk deziyen yo te fini 1ye novanm. Aktyèl lis lokalite kalifye yo toujou disponib sou paj alèjman pou katastwòf la sou IRS.gov.

Aktyèl alèjman an, ki kouvri kounyea tout Eta Mississippi a, ranvwaye plizyè dat limit pou peman ak pou deklarasyon taks ki t ap rive apati 28 dawou 2021 an. Kòm konsekans, patikilye ak biznis ki konsène yo ap genyen jiska 3 janvye 2022, pou yo depoze deklarasyon ak peye tout taks yo te dwe deja pandan peryòd sa a. Sa vle di, patikilye ki te genyen yon pwolongasyon valid pou depoze deklarasyon 2020 yo a ki t ap fini 15 oktòb 2021, ap genyen kounyea jiska 3 janvye pou yo depoze. Sepandan, IRS la te remake, paske peman taks ki an rapò ak deklarasyon 2020 sa yo te dwe fèt 17 me 2021 an, peman sa yo pa kalifye pou alèjman sa a.

Dat limit 3 janvye a aplike tou pou peman taks sou revni estime trimès yo ki dwe fèt 15 septanm 2021 an, ak pewòl trimès ak deklarasyon taks dasiz ki dwe fèt nòmalman 1ye novanm 2021. Biznis ki genyen yon premye dat limit oswa yon dat limit pwolonje, genyen tou, tan adisyonèl la ansanm ak, pami lòt, patenarya ak sosyete S sou ane sivil ki genyen pwolongasyon 2020 yo ki t ap fini 15 septanm 2021 ak sosyete S sou ane sivil ki genyen pwolongasyon 2020 yo ki t ap fini 15 oktòb 2021. Li aplike tou, pou òganizasyon ki egzante de taks sou ane sivil yo ki genyen pwolongasyon 2020 yo ki t ap fini 15 novanm 2021.

Anplis, penalite sou pewòl ak depo taks dasiz ki dwe fèt 28 dawou 2021 oswa annapre ak anvan 13 septanm ap diminye depi depo yo te fèt anvan 13 septanm 2021.

Paj alèjman pou katastwòf IRS (an anglè) la genyen detay sou lòt deklarasyon, peman ak aksyon ki an rapò ak taks ki kalifye pou tan adisyonèl la.

IRS la bay alèjman sou deklarasyon ak sou penalite pou tout kontribyab ki genyen adrès yo ki nan dosye yo nan IRS la, nan zòn sinistre a. Pakonsekan, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn alèjman sa a. Men, si yon kontribyab ki afekte resevwa yon avi penalite pou deklarasyon anreta oswa pou peman anreta ki soti nan IRS la, ki genyen yon premye dat limit oswa dat limit pwolonje pou deklarasyon, peman oswa depo k ap tonbe nan peryòd ranvwa a, kontribyab la ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou fè redui penalite a.

Anplis, IRS la pral travay ak tout kontribyab k ap viv deyò zòn sinistre a men ki genyen dosye yo ki nan nesesite pou reponn ak yon dat limit k ap rive pandan peryòd ranvwa a twouve yo nan zòn afekte a. Kontribyab ki kalifye pou alèjman an k ap viv deyò zòn sinistre a ap bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa konsène tou, travayè k ap asiste bay asistans nan aktivite alèjman yo ki afilye avèk yon òganizasyon benevòl oswa gouvènmantal ki rekonèt.

Endividi ak biznis ki nan yon zòn sinistre gouvènman federal deklare ki sibi pèt akoz katastwòf la ki ranbouse oswa ki pa asire kapab chwazi deklare yo, swa nan deklarasyon pou ane pèt la fèt la (nan ka sa, se deklarasyon 2021 an k ap depoze lòt ane), oswa deklarasyon pou ane anvan an (2020). Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – EM-3569 ki asosye avèk alèjman anvan an oswa EM-4626 pou nouvo alèjman an−nan nenpòt deklarasyon k ap deklare yon pèt. Gade Piblikasyon 547(an anglè) pou detay yo.

Alèjman fiskal la se yon repons federal kowòdone pou domaj Siklòn Ida lakoz yo epi li baze sou evalyasyon domaj lokal FEMA fè yo. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre katastwòf la, vizite DisasterAssistance.gov.